DashyCard

Card Rules

RÈG AK KONDISYON ITILIZASYON KAT VITYÈL LA

Byenveni sou sèvis kat vityèl nou an. Pou asire yon eksperyans ki an sekirite pou tout itilizatè yo, tanpri li epi dakò ak règleman sa yo avan ou itilize kat ou. Itilizasyon kat la vle di ou aksepte tout kondisyon ki ekri anba yo.


ENPÒTAN SOU DEPÒ AK FRÈ KAT LA

Nou rekòmande pou itilizatè yo mete tout kantite lajan yo bezwen sou kat la yon sèl fwa lè yo fè depo yo. Si ou mete yon ti kantite lajan sou kat la epi ou kontinye ajoute lajan piti piti sou chak nouvo rechaj, platfòm la ap aplike frè kat la ki se $1.90 USD plis 1.9% sou chak rechaj.

Si ou fè yon depo epi ou mete tout kantite lajan ou bezwen sou kat la dirèkteman, nou pap pran okenn frè adisyonèl sou kat la pou kantite lajan sa a.


  1. Itilizasyon ki Otorize

Kat la fèt sèlman pou peman sou entènèt sou machann ak platfòm ki aksepte kat entènasyonal (Visa/Mastercard).

Pou rezon sekirite ak konfòmite, kat la pa sipòte:

Sit betting oswa jwèt aza. Sèvis remittance oswa transfè lajan. Tranzaksyon ki gen rapò ak cryptocurrency. Nenpòt lòt aktivite ki vyole règleman rezo kat la.

Nenpòt tantativ pou itilize kat la sou sèvis sa yo kapab lakòz kat la limite, sispann oswa termine san avètisman.


  1. Limit Depans

Pa gen limit depans sistèm nan fikse sou kat la. Ou kapab itilize tout balans ki disponib sou kat ou, depi machann nan aksepte tranzaksyon an.


  1. Tranzaksyon ki Refize (Declined Transactions)

Pou evite move itilizasyon rezo peman an, sistèm nou an kontwole kantite tranzaksyon ki echwe yo.

Si kat la resevwa 3 tranzaksyon ki refize youn apre lòt akoz balans ensifizan, kat la ap termine otomatikman.

Lè yon kat fin termine pou rezon sa a:

Li pa kapab reaktive. Itilizatè a pap janm jwenn menm kat sa ankò. Tout nimewo kat la ak enfòmasyon li yo ap retire definitivman nan sèvis la.

Nou rekòmande pou toujou verifye balans kat ou avan ou eseye fè yon peman.


  1. Refund (Ranbousman)

Si yon machann valide yon ranbousman, lajan an ap retounen sou kat la nan delè rezo entènasyonal yo prevwa, ki nòmalman se 7 a 12 jou ouvrab.

Delè sa a depann de bank machann nan ak rezo kat la. Platfòm nou an pa kapab akselere pwosesis sa a.


  1. Sekirite ak Prevansyon Kont Fraud

Pou pwoteje itilizatè yo ak entegrite platfòm la, tout tranzaksyon yo analize otomatikman.

Sistèm nan kapab limite, bloke oswa termine yon kat si li detekte:

Aktivite ki parèt sispèk. Tantativ fwod. Itilizasyon ki pa respekte règleman sèvis la. Nenpòt aktivite ki kapab mete sekirite rezo peman an an danje.

Desizyon sekirite yo pran otomatikman epi yo fèt pou pwoteje tou de itilizatè a ak platfòm la.


  1. Fèmen oswa Termine Kat la

Kat ki termine otomatikman:

Si sistèm nan termine yon kat epi gen yon balans ki rete sou li:

Si balans lan mwens pase $5 USD, balans lan pap kalifye pou rekiperasyon. Si balans lan egal oswa plis pase $5 USD, itilizatè a kapab fè yon demann rekiperasyon.

Tout demann yo ap verifye avan yo apwouve.

Yon fwa demann lan apwouve, y ap aplike yon frè administrasyon fiks $1.90 USD, epi rès balans lan ap retounen sou balans prensipal itilizatè a.

Kat itilizatè a fèmen manyèlman:

Si itilizatè a deside fèmen kat li tèt li, aksyon sa a konsidere kòm final.

Nan ka sa a:

Balans ki rete sou kat la pap retounen. Kat la pap kapab reaktive.

Nou rekòmande pou itilize tout balans ki sou kat la avan ou fèmen li.


  1. Modifikasyon Règleman yo

Platfòm la rezève dwa pou modifye oswa mete ajou règ sa yo nenpòt ki lè pou respekte nouvo egzijans sekirite, règleman rezo kat yo oswa amelyore sèvis la.


  1. Angajman Nou

Nou angaje nou pou bay chak itilizatè yon sèvis kat vityèl ki rapid, serye, transparan ak sekirize, pandan n ap respekte pi bon estanda entènasyonal nan domèn peman elektwonik.

We may use cookies or other tracking technologies when you visit our website, including any other forms of media, mobile websites, or related mobile applications or connections to help personalize the Site and enhance your experience. learn more

Allow